Nan kè komin Petyonvil, gen yon jèn gason ki rele tèt li KRIS, ki deside viv yon fason ki sezi anpil moun. Pandan majorite moun ap kouri dèyè telefòn, machin, lajan ak tout lòt konfor lavi modèn, KRIS li menm fè yon chwa radikal: li pa sèvi ak okenn bagay moun fabrike.
« Depi se bagay moun fabrike, mwen pa itilize l », se pawòl KRIS ki rezime filozofi lavi li.
Pou li, telefòn, lajan, machin, menm zouti yo itilize chak jou nan lavi vil la, pa gen plas nan egzistans li. Li prefere chita nan yon relasyon dirèk ak lanati, lwen tout depandans sistèm modèn lan.
Nan yon sosyete kote presyon pou adapte ak teknoloji ap ogmante chak jou, pozisyon KRIS la ka parèt kòm yon rebelyon oswa menm yon pwovokasyon. Eske se yon refi lavi modèn? Eske se yon fason pou l chèche libète? Oswa se yon rechèch pou yon laverite ki pi fon pase sa sistèm lan ap ofri?
Malgre anpil moun ka jije chwa sa kòm ekstrèm, li mete sou tab yon kesyon fondamantal: èske tout bagay moun fabrike vrèman nesesè pou viv?
KRIS, ak aparans senp li, raple nou gen lòt fason pou egziste, menm nan mitan yon kapital ki toujou ap
[Luckson Pierre]
























