Nan vil Mirebalè, gang ame yo kontinye mete tèt yo pi wo pase lalwa. Apre yo fin piye ak mete dife nan komisarya vil la, yo deside kraze l nèt. Videyo ki verifye montre kriminèl yo ap demoli bilding lan pandan otorite yo pa fè anyen.
Se pa premye fwa sa rive : yon semèn anvan, yo te deja fè menm zak la nan Saut-d’Eau. Sa fè plis pase dis komisarya gang fin kraze nan peyi a. Yon sitiyasyon ki montre jan Leta feb epi pèp la abandone.
|Alvales Destine